• LANSE W’

    Event sa a fèt pou ede w konprann fondasyon envestisman yo epi pran kontwòl avni finansye w ak yon apwòch pratik ak estriktire. Nan sesyon sa a, ou pral aprann: Kisa envestisman ye vrèman Nou pral kraze konsèp la pou w konprann kijan lajan ka travay pou ou olye ou travay sèlman pou lajan. Poukisa li enpòtan pou kòmanse bonè Ou pral dekouvri kijan tan se youn nan pi gwo avantaj nan envestisman. Kijan compound growth fonksyone Aprann kijan enterè sou enterè kapab ogmante kapital ou sou tèm long. Kijan pou devlope disiplin finansye Nou pral montre w kijan pou mete yon plan kontribisyon chak semèn pou konstwi abitid ki solid. Kijan pou ouvri epi finanse yon kont sou Fidelity Investments (etap pa etap) Yon gid pratik pou ede w kòmanse san konfizyon, menm si w se debutan.