Seminars TalktoJeffLaporte

Edit Template

tout klas yo anba

14 January 2026
January 14 - December 31
Online, United States

CHAK MÈKREDI A 9:00 PM (EST) – ZOOM LIVE Antre nan rankont GRATIS chak semèn ak Coach Jeff Laporte ansanm ak envite espesyal li yo, pou pale sou opòtinite, finans, kredi, ak devlopman pèsonèl Ozetazini. Rankont sa a enpòtan pou tout moun k ap viv Ozetazini, paske li ede ou: • Konprann pi byen lajan, kredi, ak sistèm finansye yo • Dekouvri opòtinite ki egziste legalman nan peyi a • Aprann estrateji pratik pou avanse nan lavi w • Konekte ak moun ki gen konesans ak eksperyans Chak mèkredi, w ap jwenn edikasyon reyèl, konvèsasyon ouvè, ak enfòmasyon ou ka mete an pratik touswit. Kit ou fèk kòmanse, kit ou vle monte pi wo, rankont sa a fèt pou ede w pran pi bon desizyon epi bati yon pi bon avni Ozetazini. 📅 Chak Mèkredi ⏰ 9:00 PM – 11:00 PM (EST) 📍 Zoom Live 🎤 Ak Coach Jeff Laporte & Envite li yo. Vini aprann, vini konekte, vini ouvri pòt pou plis posiblite. Avni w merite sa !!!

03 February 2026
February 3 - December 31

CHAK MADI (EST) – ZOOM LIVE Libète finansye pa rive pa aza li rive lè ou pran desizyon. Klas Roth IRA a ap ede w konprann kijan pou konstwi richès san taks, pwoteje avni w, epi kreye sekirite finansye pou ou menm ak fanmi w. Pa kite retrèt ou nan chans. Aprann estrateji moun ki reyisi yo itilize pou fè lajan yo grandi avèk entèlijans. Avni w ap di w mèsi. 🎤 Ak Coach Jeff Laporte & Envite li yo.

22 February 2026
February 22 - December 31

BYE BYE 9 TO 5 PROGRAM : JODIA KWÈ NAN RÈV OU, KWÈ NAN KAPASITEW, PA EZITE POU DI BYE BYE 9 TO 5. SIW POKO ESEYE, OU PAP KWÈ OU KOMANSE JODIA…

29 March 2026
March 29 - December 31

Event sa a fèt pou ede w konprann fondasyon envestisman yo epi pran kontwòl avni finansye w ak yon apwòch pratik ak estriktire. Nan sesyon sa a, ou pral aprann: Kisa envestisman ye vrèman Nou pral kraze konsèp la pou w konprann kijan lajan ka travay pou ou olye ou travay sèlman pou lajan. Poukisa li enpòtan pou kòmanse bonè Ou pral dekouvri kijan tan se youn nan pi gwo avantaj nan envestisman. Kijan compound growth fonksyone Aprann kijan enterè sou enterè kapab ogmante kapital ou sou tèm long. Kijan pou devlope disiplin finansye Nou pral montre w kijan pou mete yon plan kontribisyon chak semèn pou konstwi abitid ki solid. Kijan pou ouvri epi finanse yon kont sou Fidelity Investments (etap pa etap) Yon gid pratik pou ede w kòmanse san konfizyon, menm si w se debutan.