Loading Events

LANSE W’

March 29 @ 8:00 am - December 31 @ 5:00 pm

Event sa a fèt pou ede w konprann fondasyon envestisman yo epi pran kontwòl avni finansye w ak yon apwòch pratik ak estriktire.

Nan sesyon sa a, ou pral aprann:

  • Kisa envestisman ye vrèman
  • Nou pral kraze konsèp la pou w konprann kijan lajan ka travay pou ou olye ou travay sèlman pou lajan.
  • Poukisa li enpòtan pou kòmanse bonè
  • Ou pral dekouvri kijan tan se youn nan pi gwo avantaj nan envestisman.
  • Kijan compound growth fonksyone
  • Aprann kijan enterè sou enterè kapab ogmante kapital ou sou tèm long.
  • Kijan pou devlope disiplin finansye
  • Nou pral montre w kijan pou mete yon plan kontribisyon chak semèn pou konstwi abitid ki solid.
  • Kijan pou ouvri epi finanse yon kont sou Fidelity Investments (etap pa etap)

Yon gid pratik pou ede w kòmanse san konfizyon, menm si w se debutan.

Share This Event

Details

Organizer

  • Talk To Jeff Laporte